Entènèt

Entènèt
Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt tout moun ki posede yon òdinatè avèk yon liy telefòn kominike ant yo. Pou kominike nan fason sa a, moun ablije ashte sèvis nan men yon konpayi ki vann sèvis sa a e yo kapab kominike avèk nenpòt moun nan nenpòt peyi. Yon revolisyon nan mwayen moun kominike yonn avèk lòt. Gen plisyè mwayen moun kominike sou entènèt la. 1) Yo kapab voye yon lèt nan adrès lèt (e-mail=lèt elektwonik) moun yo vle ekri a. Lèt sa a ale dirèkteman nan yon gwo òdinatè kote destinatè a kapab itilize òdinatè pa li pou li lèt la. 2) Moun kapab ekri sa yo vle di a epi peze yon bouton pou yon moun wè mesaj la menm lè a (chat). Anpil lòt moun kapab wè mesaj sa a. 3) Yon moun kapab pale avèk yon lòt moun pandan yo tou de shita devan òdinatè yo. 4) Dènye mwayen an gen lèt elektwonik nan li tou, men li ti kras diferan. Yon moun, yon konpayi gen yon adrès (Home Page = Paj Kay) kote lòt moun kapab kite mesaj pou li e se mèt paj sa a sèlman ki kapab wè li. Anpil biznis itilize mwayen sa a pou fè biznis, gwo biznis.

Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.

Игры ⚽ Поможем написать курсовую

Regardez d'autres dictionnaires:

  • Adrès — Deskripsyon ki pèmèt moun jwenn yon kote, yon plas li ap shashe tankou adrès Entènèt sa a: http://www.kenn.com …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Kominikasyon — Shanjman pawòl, jès ant de ou byen plis èt vivan lè yonn konprann lòt la. Mwayen moun itilize pou yo fè yon mesaj rive jwenn yon lòt moun. Gen anpil mwayen kominikasyon tankou ekri, pale, telefòn, radyo, entènèt, telegraf, satelit, e latriye …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

Share the article and excerpts

Direct link
Do a right-click on the link above
and select “Copy Link”